Accueil > ... > Forum 5219

Classes sociales en Haïti

22 novembre 2010, 08:05, par ayiti

Se pa selman boujwa Apaid ou lot zot gran bouwa , podyab K Plim politisyen dèryè manman ki responsab kèlke swa pwoblèm nou ou desant o zanfè nou . Gen pi move volè, ti polisyen ti nèg sa Jafrikayiti rele depi nan Ginen nèg renmen nèg. Adyero ki kote sa pou sèten nan mitan nou

Genyen koken ti nèg, gwo dyol, ti zorèy anraje ki osi bon volo, magouyè, sanzave ki te bannou kidnapè,volo, espesyalis operasyon Bagdag ki te deklanche vye vyolans sayo an 2004.

San bliye bann ti vyolan, malpouwont, move zannimo feros, ki te nan mitan ti pèp la. Ki se pitit ti pèp la, ki leve, pran nesans Foutoron, la Salinn, Site Soley, nan Belè,Matisan sou Potay Leyogann, Sen Jozef ki pral lese yo manipile , mennen pa move politisyen ki gen objèktif pèsonèl yo .

Yo patou nan tout nan tout rakwen peyi a ki te soti nan Jereremi nan vil Ti Gwav, nan sen Mak, pase Gonayiv nan Raboto mennen nan Okap pase pran Site Lesko pou bout Milo.

Politisyen bannocho, gwo djol, ti zorèy, machwè ron, machwè long. Ti politisyen tèt bika, tèt rasta, tèt chov, tèt kale, tèt grenn manipile ti nèg pou fè tenten, fè lese frape , divize yo, rann yo anraje nann voye kalot, kout pye, byen ame yo ak zam fannfwa, simaye la terè patou.

Ke nan kan katye pèp ou sayo rele boujwa yo mete la terè patou.Yap pale de TI BOUJWA KE YO RELE PATRIPOCH SWA POLITISYEN MAGOUYÈ. Sayo se ti detay, ti koze devan VRÈ PAPA LOBÈY KI CHITA BYEN TRANKIL A LETRANJE OU BYEN KALM NAN PEYI A KAP MENNEN OPERASYON DESTABILIZASYON.

Adyero vrè mèt teren, vrè papa lobèy , vrè responsab, vyolans ak lese frape yo pa gen non ni signati. Yap frape dan lonb tankou move teroris kap simaye la terè, lanmo , kidnaping kretyen vivan , mete dife nan mache piblik ti machann enfomè, , touye ti kanbiz o sèvis gwo zouzounn yap dekriye yo, eliminen sistematikman ti polisye ki vle pwoteje ak sèvi, kidnape ti lezanj, pitit moun odinè pou fè chou gra yo.

Se mete tèt an plas, se byen sible ti politisyen odinè ou sayo rele boujwa . Men sible vrè voryen ki byen kache, ki ame, mete zann fwa nan men tout zannimo feros yo pèdi yo kontrol ki lage patou kap kreye nwizans, kap simaye la tèrè o pwen ke ti fos polis an rekonstriksyon an pa gen bon repondong.

Se yon fos lagè de represyon etranje kap mennen operasyon sou tè Desssalinn pou mentni sanzave ak malpouwont kap mentni la troublay. Moun konsyan, byen ekilibre pa dwe janm bliye sa .

Un message, un commentaire ?

modération a priori

Ce forum est modéré a priori : votre contribution n’apparaîtra qu’après avoir été validée par un administrateur du site.

Qui êtes-vous ?
Votre message

Pour créer des paragraphes, laissez simplement des lignes vides.