Accueil > ... > Forum 3858

Editorial 17-01-2010 - Les grandes puissances s’inquiètent pour Haïti !!!

24 mars 2010, 16:10, par Ayiti

Nan pozisyon nou pran resaman, nou montre ki jan konjonkti a mete nou nan yon moman kote non sèlman tout klas yo ap entèvni ak fòs, menm si nan ka klas domine yo l ap fèt gaye e san direksyon. Nou montre tou nou nan yon koub desizif. Ak yon konsyans klè e divès pratik agresif, boujwazi a angaje nan yon konba pou reyalize pwojè li genyen pou peyi a. Menm si li lese sèten kontradiksyon parèt ak mèt li, boujwa enpèyalis yo, non sèlman yo segondè men, antanke tyoul politik, ideyolojik ak ekonomik, li pare pou soumèt li a tou moman. Si jounen jodi l ap goumen pou ejemoni politik la, se paske dèyè tou sa, li gen pwojè global pou fòmasyon sosyal la, kit se nan nivo ekonomik la (zòn franch, CCI[1], ogmantasyon esplwatasyon an, repwodiksyon politik neyoliberal la ak mache kom regilatè anndan kou nan rapò ak lòt peyi), kit se nan nivo politik la, kit se onivo ideyolojik. Se sa k ap eseye regle malgre fayit la. Travayè yo dwe klè sou sa. Travayè yo dwe kanpe anfas sa. Kidonk konjonkti a mande travayè yo gen yon lòt prezans. Bilten sa a nou rele BILTEN POLITIK la dwe ede nou pèmèt konstwi, reyalize prezans sa a.

Men yo ka mande : eske pat gen lòt moman ki te deja mande sa ? N ap di kareman wi. Men pou byen konprann se jounen jodi a n ap bay nesesite sa a yon repons, nou dwe lonje dwèt sou yon lòt faktè. Avèk BATAY ki mennen yo, ak travay òganizasyon ki fèt yo, malgre tout difikilte, Batay Ouvriye grandi. Nou vanse. Sa lakòz responsablite nou yo pi gran. Sa lakòz tou kapasite nou yo pi gran. Kidonk nou ka reponn a responsablite ki la devan nou yo, kèlkeswa sa ki nan tèt nou. Tou sa bay baz pou nou pran inisyativ nouvo Bilten sa a.

Nou dwe di tou, devlopman nou pèmèt nou vin pi mi. Nou gen plis kapasite apati refleksyon sou pratik nou yo, pou nou gen yon liy ak pratik ki plis koresponn a enterè travayè esplwate yo. Nan sans sa a, tandans ekonomis ki konn glise, devlope nan pratik nou yo vin pi klè pou nou e nou gen plis kapasite rektifye yo. La ankò, sa bay baz pou rantre nan inisyativ Bilten Politik la.

Pou fini, nou dwe di altènativ ki nan enterè travayè yo toujou rete yon nesesite istorik. Devan fayit klas dominant yo ansanm ak tiboujwazi a ki mennen peyi a nan kriz li ye a, k ap foure nou pi fon nan twou esplwatasyon, mizè, represyon-laterè a, degradasyon moral la, li rete endispansab travayè yo fè santi ALTÈNATIV pa yo. Bilten an dwe kontribye konkrètman nan sa, pami divès pratik.

Bilten an pap yon senp ekzèsis entelektyèl. Li dwe toujou byen chita nan lit nou yo, nan pratik k ap fèt yo. L ap sòti nan pratik yo, l ap rantre nan fè pratik yo vanse, nan kad yon demach kote l ap kontribye nan bati inite politik travayè yo.

Jounen jodi a, kesyon politik ki blayi sou sèn politik la e ki gen yon gwo enpak, se kesyon eleksyon an. Nan divès lòt moman, nou te bay pozisyon. An 2000, pa ekzanp, te gen konferans deba, nan sèten zòn te gen deba ak kandida yo. Jounen jodi a, menm pratik sa yo ap fèt men li nesesè laji difizyon pozisyon nou yo piplis. Se nan kad sa a, nan premye nimewo sa a, n ap chita sou kesyon eleksyon an. Nan divès zòn, yo deja jwenn pozisyon sa yo. Men jan y ap ka wè, Bilten an, kòm kad, bay plis latitid pou divilge yo pi byen. Nou sitou rete sou sa ki pi enpòtan nan moman an. Nou dwe fè yon anons enpòtan : n ap gen pou tounen sou kesyon kolektivite yo, yon fason otonòm.

N ap travay pou lide ki nan Bilten an jwe wòl yo nan mitan travayè yo pou yo vanse nan lit yo e konstwi altènativ yo a.

Un message, un commentaire ?

modération a priori

Ce forum est modéré a priori : votre contribution n’apparaîtra qu’après avoir été validée par un administrateur du site.

Qui êtes-vous ?
Votre message

Pour créer des paragraphes, laissez simplement des lignes vides.